AJOUTER PAROLES
Top 100
Sorties d'albums
artistes
Communauté
Espagnol
Portuguais
Anglais
Correction Paroles
Kite’m motive’w
par
Baky
Retour
Paroles
Rèv mwen lou, mwayen’m ki Lejè Map travay pou viktwa Men’m pare pou Echec Lavi gratis men viv koute chè M ka pèdon batay men pa pranl pou defèt Petèt map chache fè tout sa’k pat Dwe Posib M vle ede m pa gen mwatye de sa’m ta vle ofri (domaj Toufwa devan lavi ka demanti’m Men’m konnenm grandi ak zanmi ki pat janm vle’m grandi Yo mare pye’m chak lè’m te vle fè Quelques pas Vye frè Yo fatige’m men’m gen pou’m pran souf quelque part M konnen’m pa pè pou sa yo di yo Pou’m M fè lapè’m ak tout enmi’m, m ba yo love n ke’m patko prè pou’m te ofri yo Lè’w nan pwoblèm tout fo zanmi Pap vlе ret prè’w Fon fason Chanje etwal lè’w wè еtwal pa’w vle etènn Frè’ Kwè’m destin lavi’w Ka modifye’l E si yon jou’w ta vle bay vag Kite mizik sa Motive’w Ou ka fè plis ke sa’w ap fè la Ou ka rive pi lwen ke kotew ye a... Kite’m motive’w Kite’m motive’w Solda Leve tèt ou non Chache rèv ou non Tout nèg ap prepare batay yo Mete’w prè tou non Wout la long, koman’w vle fè’l san’w pa bite a? Gon frè’w ki rive sou menm pakou sa’w te kite a? Obstak ka detwi moun, konsa tou’l ka fè yo brav Gen plis fyète lè’w travay pou’w genyen sa’w vle, Ke lè yo ba’w Al pran lari a, Fè wout pa’w Si’w pa gen gid W’oblije viv ak sa’w genyen menm si se pa sak ta dwe viv En fait, Tant wap vanse Wap jwenn plis frè’w ki vle tiye’w Lè yon frew reyisi, au lieu ou rayil, siksèl dwe enspirew Tant wap chache al pi wo Tant yap rale’w vin pi ba Men tant sakrifis yo pi gwo, tant wap pran plezi nan viktwa So mache tonbe leve Reve, rive, echwe, kriye, fonse Desten lavi’w Ka modifye’l Si’w konn yon moun ki bzwen fòs, Kite mizik sa Motive’w Ou ka fè plis ke sa’w ap fè la Ou ka rive pi lwen ke kotew ye a... Kite’m motive’w Kite’m motive’w
clip
Ton pseudo sera publié. Laisses les champs vide pour rester anonyme.
Soumettre
Modal title
×
Ajouter un média
Video URL?
(YouTube, Vimeo, Instagram, DailyMotion, Soundcloud)
×
Se souvenir de moi
Mot passe oublié
Connectes-toi
M'inscrire