AJOUTER PAROLES
Top 100
Sorties d'albums
artistes
Communauté
Espagnol
Portuguais
Anglais
Correction Paroles
Dènye Lèt
par
Baky
Retour
Paroles
Dèfwa nou konn wè map ri (Son ri diferan de sa nou wè a) M konn ap soufri men’m pa di’n (Map viv diferan de sa nou wè a) Lè map chante se pou’m kenbe Men’m pa gen melodi nan tèt mwen La men’m pap viv (Koz lavi’m diferan de sa nou wè a) Petèt se dènye verse map bann, Dènye pwezi map fè, pou Rap kreyol dènye lèt map ekri Petèt dènye album nap jwenn Dènye rap beef, petèt karyè’m se dènye karyè map detwi M gon karyè ki rich men’m pa di’l egzanplè E si’m pron poz c ke sèvo’m mande pou’m Ta kite’l an pè Alors petèt se dènye vid map plen Dènye plak map remèt Al di nèg yo dènyè lèt map e… Check Karyèm tout vitès men Tristès mwen pat fon pa Pwomès se dette, lèzòm raple’m dette mwen chak premye nan yon mwa Pami meyè, Se pat yon plas ke’m tap chache Lavi’m pat osi bèl ke sa, li te gon fas ki te kache M tap soufri men’n ka pat wè, m gon mesaj ki pat rive Ke’m ta vle pataje avè’n, men mespere ke’n pap jije’m Map ekron dènye lèt fason pou’m fè lapè E Lè’m ale, lè’n sonje’m na just vide chanpay atè M konne’n pral di kijan’m ka di ke’m blese sanm pap senyen Nou pral di nèg tankou’m twò byen pou jan nou wè ke map Mennen Pou jan nèg sa renmen ri Pou jan pèp sa renmen’l Pou jan ti nèg tap byen viv ki pwoblèm ke’l te ka genyen Tout lè’m tap monte mowal nou, pa’m tap peze’m al anba Tout lè nou wè’m sou stage ap (Vayb) anndanm plen demon map konbat Muzik te bann plezi, mwen’l te pèmèt mwen reziste M soufron maladi ki danjere men pou nou ki pa egziste (Depresyon) De terapi a terapi De kay doktè a kay doktè Map gade’n kap detwi Lavi’m De komantè à komantè Pou’m ka fè wout sa , mal leve woch Ke’m pat mete Pwiske’m pi kontan nan dòmi defwam swete ke’m pat leve Lè’w son atis ou son egzanp, men’m pat vle’n abitye Paske’m tap bann konsèy pou’n swiv ke menm mwen’m pap aplike Lè’m wè camera, M kache tristès dèyon souri Map viv nan yon kò ki vle viv ak yon lespri ki vle mouri Alors en fait, lavi atis pat janm fasil pou mwen M fè tout vi’m ap viv pou moun, Men kiyes ki tap viv pou mwen M jwenn satisfaksyon nan ti jèn ke’m ede Malgre’m tap montre’n fo siksè paske’m pat vle’n wè ke’m echwe Lespri’m te lwen de nou Menm si’m prè’n Dèyèm gen 286 nèg poutanm nan vim mwen pa janm santi’m aussi seul Map ekron dènye lèt fason pou’m fè lapè E Lè’m ale, lè’n sonje’m na just vide chanpay atè An 2012 m tal fon nouvelle avanti M te livre’m bay Rap kreyol San’m pat gen okenn Garanti Premye clash mwen ak Pjay , son Beef label t’òganize Malgre’m te jèn, m t gon rèv ke okenn nèg pat ka brize Des Années aprè m vin rankontre’l Enèjil fè’m santi Si Rkm pat fè’n enmi, m ret kwè’n te ka pi bon zanmi Vi’m pa parfait, chak nèg gen erè pou korije Jodi a m fyè, ke sou latè te gon rapè tankou Pjay Karyèm bati sou challenge, e sou konpetisyon Pakou’m diferan de sa map montre nan Televizyon Gen de etap fow franchi pou’w ka konn siksè E nèg tankou’m toujou vle plis nèg devwe pa janm Satisfè (Roodboy) Nou vin nan beef pandan’n te vle Ret yon model E fon challenge ak yon ti jèn ki osi dwe ret yon onè Et pou l’histoire et pour la vérité Mwen ak Roody nou ka pa byen, nou ka goumen, Men’n bat bravo chak fwa youn merite’l Rap kreyol fè’m jwenn respè nan kelke baz Li banm zanmi m paka dekri an kelke fraz Valè konn valè, lli pa tann tonb poul mete flè Map fèl pou Wa ki sot Okap, yon nèg ke’m fyè pou’m rele frè Trouble, mèsi dèske’w montre’m tout lè’m te ka konte sou ou Nou vin yon fanmi, pa ganyen ke’m pap afwonte pou ou Non’w game egri , ou fè’m wè sak pat janm posib Pandan rapè rayi rapè ou menm ou tap aprann yo viv Malgre lavi’n ofon pat janm te osi rose ke sa M pa kwè gon team isit la ki te ka pi gwo ke sa Sak fè’w pat di anyen lè yo tap kreye zen? Wendy sorry ke’n pat prezan moman’w te plis bzwen Chak lè pwoblèm fè’w kriye, m konn siksè pral fè’w souri Bondye pap bay pit** li chay sil ta wè chay sa twòp pou li (Amen) Si’w gen sante, Lanmou, Tout rès yo se pousyè M swete’w Siksè E tounen lakay ou frèm lè’w santi’w prè E a nou 3 nou te fòme KOUDETA Koudeta koude koude koudetA (Magic) M kwè koze sa ta dwe menm ekri nan Bib la 3 pi gran jwè peyi a’k te nan menm ekip la Nou te fòmel fason poun ka montre lèzòm Ke siksè youn ka fè bonè lòt san deranje Pèsòn 3 mousketè (diferan) e pou lagè, Ki si prè E Koudeta ap egziste menm si’w wè’n nan simityè E a nou 3 nou te fòme KOUDETA Koudeta koude koude koudetA (Magic) M kwè koze sa ta dwe menm ekri nan Bib la 3 pi gran jwè peyi a’k te nan menm ekip M fè lapè fason Pou’m ka fèmen chapit sa Al di Magic just fon jan pou’n just fin ak beat sa M Pa gen pasyon anko, e’m pa kwè’m ko bezwen So Bye bye rap kreyol, Bye Bye ma retounen lè’m rejwenn… Baky
clip
Ton pseudo sera publié. Laisses les champs vide pour rester anonyme.
Soumettre
Modal title
×
Ajouter un média
Video URL?
(YouTube, Vimeo, Instagram, DailyMotion, Soundcloud)
×
Se souvenir de moi
Mot passe oublié
Connectes-toi
M'inscrire