SUBMIT LYRICS
Top 100
Album releases
artists
Community
French
Spanish
Portuguese
Correction Lyrics
Konplèks
by
CJ
Back
Lyrics
Konplèks Nou kwè bote se grèf oubyen douko Konplèks Siperyorite l baze sou koulè po Konplèks Aksepte kouche l paske l gen bèl oto Konplèks Devalorize l paske l sot nan Geto Konplèks Tout moun konplekse tout moun konplekse Nou nan on sosyete ki plen vye mès kache W pa bezwen vekse verite blese Anpil moun prèske ki pa gen pyès diyite Eskize n mezanmi pou tout bagay nou pwal di Verite a on jan di men fò n mete l nan plas li Sa fè ou bay dan di konnеn figi w g on mas pli Pifò moun ap viv nan manti yo fonksyone an katimini Gen sa k ap di w repanti еpoutan pa gen pi santi Sa menm pran pòz li janti Men li rayi menm pwòp san li Li damou l pou konesans li Men l pa marye poutèt ran li Ti jan plis kwè nan gwo zanmi men li pa janm prezante fanmi l Li di w poko gen stati paske w poko janm pati Ou wont di w sot Ayiti al akouche Etazini Yo kwè tout sa blan di Ou pa wè menm po yo blanchi Si nou vle espri n afranchi g on bann baryè pou nou franchi M wè de nos jours tout moun gad moun sou aparans Si bon patnè w pa nan on sektè m garanti w yo pap ba w chans W temèt yon blan yon nwa metis oubyen ras jonn Èske se pa menm san wouj la k ap sikile anba po n Koulè yon moun se pa sa ki defini nivo sèvo l Ekoule yon moun pou orijin li pou yon plas ke l vo Vin fè, tout nèg ki nwè renmen fanm grimèl E w ap wè tout nèg ki lèd renmen fanm ki bèl Woo fè nèg geto di yo se nèg anlè Yo genlè bliye nou se pousyè n ap fout tounen pousyè Fò w gade l wo gade m ba E poutan lòt la ap goumen pou moun pa gad anba l Non, li lè pou nou fout sispan ap viv pou moun Sispann gade sou moun Viv odepan de moun Non pa pè di keou se pitit on moun Menm lè l ap travay kay moun nan je li paka gad moun Chak moun nan lavi sa gen yon istwa kache Pa paske l pitit gwo zouzoun pou w dakò nan figi w pou l krache Konplèks pou ou chase Gen tès nan vi a pou w pase Gen moun pou l detounen w li fè w tout bagay ki ka fè w fwase M konn yon nèg ki g on menaj se kay patnè l li resevwa l M konn yon lòt sou tèt rezon l chèf ba l kalòt li bese vwa l Fo pretèks ka vinn konplekse w Yon vye echèk ki la pou strese w Yo ta renmen pou w toujou bese je w Nan vi a pat gen prejije kounya tout moun vin konplike Sa k ap chanje koulè po Pran pòz pi siperyè yo W pa menm ka di w se ayisyen lè w fin janbe frontyè Ou pap kenbe tande w pito w mache sou ranblè Tout sa moun ap di pa bon pou ou se ou k pi konesè W ap bay kout lang sou moun paske w bezwen milyonè Nou youn pa plis ke lòt An pa minimize youn lòt Lè w twò konnen w vin sòt Konplèks ka fè w tripòt S on viris san antidòt S on vye vis pou blow lòt moun Mind nou boule si w pa posede ou panse w pa vo k on lòt S on vye jès move mès S on vye pyès kot sajès
music video
Your name will be published. Leave fields blanks to remain anonymous.
Submit
Modal title
×
Insert media
Video URL?
(YouTube, Vimeo, Instagram, DailyMotion, Soundcloud)
×
Remember me
Lost password
Sign in
Register